Lyrics & Reflections

Words behind
the songs

Lyrics and short reflections live here — click any entry to read more.

Lyric

Douvanjou

Soley poko menm parèt lakay
Kòk poko menm ba nou dwa reveye
Ak ou deja map panse
Tankou yon obsede
M ta vle konnen w pa lwen.
Chak jou se konsa l rekòmanse
Kijan pou m fè w konnen
Ou domine m
Si nou ta kwaze pita
Kisa m ta dwe montre?
Pou w pa repouse m

M vle w
Se pa ak ou m te kòmanse
Men ou reprezante premye a
Vle m
Lè sa solèy kèm va leve
Lawouze va tonbe
Lespwa nou la leve

Chak jou mwen ta vle
Pou mwen pi pre w
Lè jem louvri
M ta vle ba l admire w
M anvi pran men w
Mennen w byen lwen
Trase yon lòt chimen
Pou w bliye blesi w yo
Detwa kat ti mo pap janm ase
Ak ou lespri m ak kòm
Tout atache
Cheri demen pa twò ta
Kounye a pa twò bonè
Souri pou w di m wi

Depi douvanjou
Se ou ki nan panse m
Ou menm m vle bò kote m
Pran menm pou n avanse.

Ou se tout sa mwen vle

Lyric

Pran men mwen

Lyric

Mwen rekonesan

Reflection

Solomon & Personal Branding

Contact

Let's make something
worth keeping.

For songwriting, branding work, or a conversation about an idea you're carrying.